
Yon syèk etensèl, DNL mete René Depestre nan limyè
Direksyon nasyonal Liv la (DNL) prezante yon liv kolektif ki pote tit « René Depestre : Un siècle d’étincelles ». Liv la rasanble kontribisyon 41 otè ki pote fason yo chak wè lavi, travay ak eritaj youn nan gwo non literati ayisyen an. Piblikasyon sa a antre nan kad yon seri aktivite ki te fèt pou make santyèm anivèsè nesans René Depestre.









