
Chanda-YAAG, yon vwa angaje k ap trase chemen l nan eslam ayisyen an
Dèyè non atistik Chanda-YAAG la gen yon jèn fanm ki renmen lavi, ki pasyone pou atizay epi ki jwenn nan mo yo yon mwayen pou eksprime tèt li, denonse enjistis ak transmèt mesaj. Nichanda Préval, non li pote nan lavi chak jou, se kowòdonatris SIR (Sororité Intense pour Rayonner). Li se etidyan k ap fini etid li nan dwa epi li ap etidye etnoloji tou. Depi li te gen douzan, li dekouvri li gen kapasite pou ekri. Sa ki te kòmanse kòm yon senp aktivite lekòl ak zanmi vin tounen yon pasyon ki pran tout plas li nan lavi l. Jodi a, li ap evolye nan plizyè domèn atistik, tankou ekriti, eslam, teyat ak met an sèn.









