Jodi mèkredi 28 oktòb 2026 la make 44yèm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Se yon okazyon pou nou selebre youn nan pi gwo richès pèp nou an, yon lang ki pote istwa nou, idantite nou, memwa nou ak fason nou konprann lavi. Depi nan pawòl granmoun, nan pwovèb, nan chante, nan kont, nan literati ak nan tradisyon nou yo, kreyòl la rete yon eleman fondamantal nan sa nou ye kòm pèp.
Pou selebrasyon ane sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) mete aksan sou tèm « Kreyòl : fòs, kreyasyon ak konesans ». Enstitisyon an lanse yon seri aktivite pandan tout mwa oktòb la pou ankouraje pwomosyon lang nan, sitou nan edikasyon, nan pwodiksyon entelektyèl ak nan transmisyon konesans bay nouvo jenerasyon yo. Aktivite sa yo prevwa nan plizyè depatman, tankou Lwès, Sid ak Grandans.
Men, selebre kreyòl pa dwe rete nan diskou, seremoni ak aktivite kiltirèl sèlman. Se yon lang ki merite plas li nan lekòl, nan inivèsite, nan administrasyon piblik, nan tribinal, nan medya ak nan tout espas kote moun ap aprann, reflechi, pran desizyon epi pataje konesans. Lè yon moun pale kreyòl, sa pa dwe janm sèvi kòm yon rezon pou meprize l oswa konsidere l kòm yon moun ki pa gen kapasite.
An Ayiti, kesyon lang nan rete yon gwo defi, sitou nan sistèm edikatif la, kote baryè lengwistik kapab rann aprantisaj pi difisil pou anpil timoun. Bay kreyòl la plis plas nan ansèyman, ankouraje pwodiksyon liv nan lang nan, devlope vokabilè syantifik li epi fasilite piblikasyon rechèch an kreyòl se kèk nan aksyon ki kapab ede l jwe tout wòl li nan devlopman peyi a. Responsab AKA yo kontinye denonse prejije ki egziste kont itilizasyon kreyòl la nan kèk anviwònman lekòl ak pwofesyonèl.
Kilti kreyòl la, bò kote pa l, depase sa nou pale. Li parèt nan mizik nou, nan dans nou, nan manje nou, nan atizay nou, nan fason nou viv ak nan tradisyon nou transmèt soti nan yon jenerasyon pou rive nan yon lòt. Pwoteje kilti sa a mande pou nou konsève eritaj nou, ankouraje kreyatè nou yo epi bay jèn yo mwayen pou yo dekouvri, konprann ak kontinye fè kilti sa a evolye.
Jounen sa a dwe fè nou sonje kreyòl la pa yon lang pou yon sèl jou nan ane a. Se lang plizyè milyon moun itilize chak jou pou yo aprann, travay, kreye, renmen, reflechi epi defann dwa yo. Se poutèt sa, valorize kreyòl la se pa sèlman yon kesyon fyète, se yon angajman pou nou fè l avanse nan tout domèn lavi a.
Nan okazyon 28 oktòb sa a, an nou kontinye pale kreyòl avèk fyète, an n ekri l avèk plis atansyon, an n ankouraje timoun yo aprann li epi an nou travay pou li jwenn plas li merite nan pwodiksyon konesans. Paske yon pèp ki bay lang li valè ap kontribye nan prezève memwa li, ranfòse idantite li epi prepare avni jenerasyon k ap vini yo. Dayè, Kreyòl Ayisyen an se senbòl fyète, libète ak lanmou youn pou lòt. An nou bay Kreyòl la plis jarèt !
Samuel LÉONARD
