LJ Sports 1 live
Internacional 0 – 0 Mineiro Live

Èske w anrejistre pou vote deja ?

Eleksyon pa kòmanse jou moun al vote. Li kòmanse depi lè sitwayen yo deside pran plas yo nan pwosesis demokratik la. Premye kesyon chak sitwayen ki gen dwa vote ta dwe poze tèt li jodi a se senp : « Èske m anrejistre pou vote deja ? » Si repons lan se non, gen yon bagay ki enpòtan pou konnen : san enskripsyon sou rejis elektoral la, ou pap kapab egzèse dwa w pou vote nan pwochen eleksyon yo. Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la raple enskripsyon an se yon kondisyon endispansab pou patisipe nan vòt la. Vizite lyen sa pou w ka konnen sant ki nan zòn ou pou w ka anrejistre : https://cephaiti.ht/centres-dinscription-et-de-vote-civ/ .

Pwosesis enskripsyon elektè yo deja lanse nan peyi a. KEP la mande sitwayen ki ranpli kondisyon yo pou ale nan yon Sant Enskripsyon ak Vòt avèk Kat Idantifikasyon Nasyonal yo ki valab, pou yo kapab antre sou rejis elektoral la. Plizyè sant deja ap fonksyone nan diferan depatman, epi CEP la kontinye louvri lòt sant pou rann sèvis la pi aksesib pou popilasyon an.

Men pa tann dènye moman an. 13 oktòb 2026 se dat limit pou enskripsyon an. Sa vle di chak jou ki pase san ou pa fè demach la ap mennen w pi pre dat limit la. Ou ka vizite platfòm ofisyèl KEP la pou chèche Sant Enskripsyon ak Vòt ki pi pre w la : chèche Sant Enskripsyon ak Vòt ou⁠. Lè w fin jwenn sant la, prepare Kat Idantifikasyon Nasyonal ou epi fè demach la san pèdi tan.

Vote se yon dwa, men pou w ka egzèse dwa sa a, ou dwe fè pati rejis elektoral la. Pa kite neglijans, reta oswa « M ap fè sa pita» fè w rete deyò pwosesis la. Si w vle vote, enskri. Si w poko enskri, se kounye a pou w aji. 13 oktòb ap rive pi vit pase sa w ta panse.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/eske-w-anrejistre-pou-vote-deja/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.