Bienvenue!

Èske w konnen Lachin devlope yon ‘soley atifisyèl’ ki pi cho pase solèy natirèl la ?

Sa rele EAST, yon reyaktè fisyon nikleyè ki rive kreye yon chalè ki ka monte jiska 100 milyon degre Sèlsiyis — sa ki sis fwa plis pase tanperati nan nwayo solèy natirèl la, ki anviwon 15 milyon degre.

Sa a se yon gwo pwogrè paske teknoloji sa a chache itilize fisyon nikleyè pou pwodwi enèji pwòp ak san danje. Diferan de fisyon tradisyonèl ki lage anpil fatra nikleyè danjere, fisyon sa a pwodui plis elyòm, yon gaz ki pa polye, e li ka pote yon solisyon dirab nan kriz enèji mondyal la.

Kèlkeswa kote ou ye nan mond lan, lide a se fè enèji ki pa lage polisyon, ki pa fin itilize resous natirèl limite, epi ki ka soutni devlopman pou anpil jenerasyon. Se sa ki fè sa Lachin ap fè a atire anpil atansyon, paske li ka gen yon gwo enpak sou fason nou pwodwi enèji nan lavni.

Men, gen anpil peyi k ap kontinye fè rechèch nan domèn sa a, e kolaborasyon ant nasyon ka akselere devlopman teknoloji sa a.

Soley atifisyèl Lachin nan pa sèlman yon bagay syantifik—li ka chanje lavi tou, si l machè, paske lap ofri yon esperans pou yon mond pi pwòp epi pi vèt. »

De la même catégorie

Les plus consultés

Pour ce mois