Priye se aprann pale ak sa ki depase nou, men se tou yon fason pou tande vwa ki soti anndan nou. Gen moun ki bezwen yon modèl pou kòmanse, lòt yo bezwen yon pouse pou yo jwenn pwòp langaj yo. Nan lide sa a, priyè ki vin apre yo pa fèt pou ranplase sa k ap sòti nan kè ou ; yo la sèlman pou montre w chemen posib, ba w enspirasyon, epi ouvri pòt pou w konstwi lapriyè pa w, ak mo pa w, ak fòs pa w. Paske tout moun gen pwòp vwa espirityèl y, fòk li sèlman jwenn fason pou l pale. Sonje : pi bon lapriyè se sa ki soti nan kè w, nan verite w, nan vibrasyon pa w. Ayibobo !
Men kèk modèl.
Pa bliye, pi bon lapriyè se sa ou ekri ou menm.
Priyè lavi
Priyè pou bay Bondye glwa
(Limen balèn blan oubyen lanp lwil doliv, resite priyè sa chak
jou.)
Bondye lavi a mwen di ayibobo pou ou
Ou ki mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van
Mwen vini devan ou jodi a
Voye je gade mwen epi pran ka mwen
Mwen mande ou eskiz pou tout sa mwen ta fè ou pa renmen
Epi mwen mande pou mete padon,sajès ak lanmou nan kè mwen
Ede mwen respekte ak pwoteje lavi tout kote, tout tan
Ban mwen fòs ak kouraj pou mwen ede sila ki pi fèb yo
Pa kite pouvwa ak richès vire lòlòj mwen
E tanpri pa kite mwen peri anba mechan yo
Ago agosi agola
Priyè zantray
(Priyè patriyòt ayisyen
Resite l chak jou)
Mwen se Ayisyen
Nèg ki soti nan zantray Lafrik Ginen
Nèg yo bwote vini nan peyi Ayiti
Mwen mele san mwen ak endijèn ki te premye mèt tè a
Mwen mele san mwen ak blan ki te vini fè nou tout esklav
Mwen se Ayisyen
Moun ki fèt avèk kò, ki fèt avèk nanm, ki fèt avèk bon zanj
Oloum, pa pouvwa li
Ban mwen responsabilite pou mwen mennen respekte ak jwi
Tout sa mwen ka wè ak tout sa mwen pa ka wè sou latè a
Sou kontwòl ou menm Oloum
Ki mèt tè, ki mèt dlo, ki mèt dife, ki mèt van
Se gras a ou nou menm moun
Nou gen pouvwa pa nou sou latè a
E se sa menm ki lavi a.
Pa pouvwa Atibon Legba
Tout fòs kosmik yo antre nan nou, klere je nou
Pou nou bay zantray ak vodou a
Fòs, pouvwa, linyon
Pou nou ka fè travay ginen an
Nan lapè ak kè kontan.
Ayibobo.

























