Jacqueline (nou pap bay tout non l) fenk touche yon ti sòl 150 000 goud (30 000 dola ayisyen). Li vle kòmanse yon biznis pou ede tèt li ak fanmi l. Men l poko wè sa pou l fè. Bagay yo pa fasil. Lontan li te konn fè komès Malpas, kounya bliye sa. Jacqueline ap chèche konsèy.
« Sa depan de kote moun nan ap viv. Mwen menm si m ta gen 150 000 goud kounya, m tap fè yon ti restoran, m tap kòmanse toupiti men m tap fè l pwòp, m t ap fè manje yo gou epi m t ap mete kran pou l vin gran », Esther di.
« Mwen, m t ap kòmanse yon famasi. Vann konprime gen anpil avantaj epi gen anpil moun k ap achte tout kote », Suze di.
« Mwen gen yon komès rad ak tenis, se li ki okipe m. Sa rapòte m anpil. M te kòmanse l ak mwens ke 150 000 goud, jodia li grandi », Etienne di.
E ou menm ki konsèy ou t ap bay Jacqueline ?























