
Société
2 oktòb 1937, yon doulè pèp ayisyen an p ap janm bliye
Pou pèp ayisyen an, 2 oktòb 1937 se youn nan dat nou p ap janm bliye. Se yon dat ki fè nou sonje youn nan paj ki pi douloure nan listwa relasyon ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Prèske 9 deseni apre, doulè sa a toujou prezan nan memwa nou.
