Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

2 oktòb 1937, yon doulè pèp ayisyen an p ap janm bliye

Pou pèp ayisyen an, 2 oktòb 1937 se youn nan dat nou p ap janm bliye. Se yon dat ki fè nou sonje youn nan paj ki pi douloure nan listwa relasyon ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Prèske 9 deseni apre, doulè sa a toujou prezan nan memwa nou.

Se nan kòmansman mwa oktòb 1937, sou rejim diktatoryal dominiken an, Rafael Trujillo, fòs dominiken yo te lanse yon kanpay vyolans kont Ayisyen ak moun dominiken ki te konsidere kòm Ayisyen, sitou nan zòn fwontyè yo. Pandan plizyè jou, anpil moun te pèdi lavi yo. Kantite viktim yo pa janm fin etabli ak presizyon, men plizyè sous istorik estime yo te rive nan plizyè dizèn milye, swa anviwon 20 mil.

Non « Masak Pèsi » an soti nan yon istwa ki vin tounen youn nan senbòl trajedi a. Yon reskape rakonte sòlda dominiken yo te konn mande moun yo pwononse mo panyòl « perejil », ki vle di pèsi. Fason moun nan te pwononse mo a te kapab sèvi kòm yon alibi pou idantifye moun yo kòm Ayisyen. Pou anpil moun, istwa sa a rete kòm youn nan imaj ki pi fristran nan ni nivo britalite.

Men lè n ap pale de masak la, se pa sèlman chif yo nou dwe sonje. Se moun ki te mouri yo. Se papa, manman, timoun ak fanmi ki te peri nan kondisyon ki pa sanble ak moun. Se moun ki te oblije kouri pou sove lavi yo. Se istwa fanmi ki pase de jenerasyon an jenerasyon epi ki fè non « Pèsil » la toujou pote yon chay emosyonèl nan mitan anpil Ayisyen.

Se sa k fè 2 oktòb pa yon senp dat nan kalandriye a. Chak ane, li raple n sa ki te pase e li mete devan nou kesyon sou memwa, diyite ak jistis. Nou ka chwazi viv nan lapè ak pèp dominiken an, men sa pa vle di nou dwe bliye sa ki te rive. Padon ak memwa pa nesesèman opoze youn ak lòt.

Jodi a, lè nou gade dèyè, gen yon bagay nou pa ka chanje. Moun ki te mouri yo p ap tounen. Blesi fanmi yo te pote yo p ap disparèt tou senpleman paske tan pase. Men nou kapab chwazi pou n sonje yo ak diyite, rakonte istwa a bay jenerasyon k ap vini yo epi fè tout sa n kapab pou trajedi konsa pa janm repete.

Masak Pèsi an kite yon gou anmè kou fyèl nan bouch pèp ayisyen an. Se yon doulè ki pa dwe sèvi pou nouri rayisman lakay nou, men li dwe pouse n sonje valè lavi moun, respè pou diyite ak danje ki genyen lè diskriminasyon, rayisman ak ideyoloji debride vin tounen politik leta pou l fè jenosid. 

Ann kontinye limen balèn pou nanm sila yo ki te peri yo jwenn limyè ! 

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/2-oktob-1937-yon-doule-pep-ayisyen-an-p-ap-janm-bliye/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.