Bienvenue!

Valè Zanmi ak Fanmi Pandan Fèt yo : Pi Gwo Kado se Lanmou ak Prezans

Nan sezon fèt yo, anpil moun santi presyon pou fè gwo kado, tankou si relasyon yo mezire sèlman pa sa yo bay. Men, verite a, espesyalman nan zanmi ak fanmi, se ke valè yon relasyon pa janm depann sou kalite oswa kantite kado ou resevwa.

Relasyon vrè yo pa mezire ak sa ou ka achte, men pito ak moman pataje, konpreyansyon, ak prezans youn pou lòt. Gen zanmi ki pa toujou bay kado, men ki toujou la nan moman difisil ak bèl nan lavi a. Sa a se kalite richès ki pa ka mezire ni nan lajan ni nan bagay materyèl.

Pandan fèt yo, li enpòtan pou raple tèt nou ke kado ki pi valab se tan nou dedye pou lòt moun, ti jès senp ak pawòl chalereu. Yon zanmi ou family ki la pou mande ou kijan ou ye, ki koute ou san jijman, se yon trezò ki depase tout kado flashy.

Pa janm diminye valè yon relasyon paske yon moun pa bay kado. Lanmou, respè ak solidarite se baz ki batit chak bon relasyon. Se nan moman sa yo nou aprann konprann sa ki vrèman enpòtan.

Ann sonje pandan fèt yo, se lanmou ak prezans ki pote limyè nan kè nou plis pase nenpòt bagay materyèl. Se youn ak lòt nou bezwen pou grandi ansanm, pou bati yon sosyete ki gen plis chalè, sansiblite, ak respè. Epi se konsa zanmi ak fanmi vin pi gwo kado nou ka genyen.

De la même catégorie

Les plus consultés

Pour ce mois