Soulaje doulè nan jenou, tansyon wo ak mal vant ak resèt natirèl sa a!

 Soulaje doulè nan jenou, tansyon wo ak mal vant ak resèt natirèl sa a!

Ou ap soufri ak jenou ki fè w mal, pye ki toujou anfle, tansyon ki pa stab oswa vant ou ki toujou ap fè ou mal? Pa neglije remèd natirèl sa a ki senp men ki gen anpil benefis.

Men sa w ap bezwen:

1 militon lavel Rachel (ak tout po li)
1 vè dlo
1 grenn sitwon

Kòman pou w prepare l:

Koupe militon an an moso san w pa wete po li.
Mete l nan blenndè ak yon vè dlo.
Lè li fin blende, pase l nan yon paswa oswa  kite l repoze pou l koule.
Pran yon vè nan likid la, ajoute ji 1 grenn sitwon ladan.
Bwè melanj sa chak maten avan ou manje e chak swa anvan ou al dòmi.
Fè tretman sa a chak jou pandan 3 semèn. W ap sezi wè chanjman nan kò w: doulè yo ap diminye, pye w ap dekase, vant w ap vin pi lejè, e tansyon w ka stabilize.

Sonje: sante se premye richès nou.