Kèk dat enpòtan nan vodou an
Nan kè kwayans vodou ayisyen an, tan pa janm senpman pase : li danse. Chak mwa, chak dat, chak evènman natirèl pote yon vibrasyon mistik, yon apèl pou n retounen nan ekilib ak tèt nou, ak zansèt nou, ak lanati menm. Almanak vodou a pa yon lis fèt relijye sèlman, se yon kalandriye espirityèl ki gide pèp la nan respè pou fòs linivè a ak lespri moun ki te mache sou tè a anvan nou.
21 desanm rive 6 janvye make sezon Makaya. Se lè ougan kase fèy nan bwa pou prepare remèd ki pral pwoteje kominote a pandan rès ane a. Nan peryòd sa a, se Simbi ak Gran Bwa ki pran kòmandman sou lanati. Yo gide moun nan netwayaj, pa sèlman kò ak kay, men tou lespri. Beny ak fèy, remèd, ak lapriyè sèvi pou retire move enèji ak prepare pou nouvo sik lavi a.
21-22-23 desanm, limanite antre nan soltis livè, lè solèy la kòmanse ranpòte batay sou fènwa. Se bon moman pou remèt Ati Sole pwojè, rèv nou genyen pou ane kap vini an.
6 janvye, tradisyon vodou a resevwa Twa Wa yo, pa kòm sen dapre legliz, men kòm twa gran ougan, senbòl sajès ak gid espirityèl.
21-23 mas, lanati reveye, tè a boujonnen, ak nan tout lakou, rara pran lari. Nou selebre Ayizan Velekete, manman tout manbo ak ougan, lwa inisyasyon ak mistè. Li mare ak ekinòs prentan, lè limyè ak fènwa vin egal, avan solèy pran plis fòs. Pandan fèt sa a, nou « chire ayizan », flèch palmis la, kòm senbòl kouraj ak transmisyon konesans.
Me rive ak benediksyon tè a. Premye me, se fèt Kouzen Zaka, lwa travay ak agrikilti. Nan chak grenn simen, nan chak pikwa, Zaka prezan. Li pote benediksyon pou rekòt yo ak rekonesans pou travay peyizan yo.
18 me se drapo sakre nanchon ayisyen an. Jou drapo a pa sèlman fèt nasyonal, se tou yon seremoni mistik. Dapre tradisyon vodou a, 18 me 1803, drapo ayisyen an te pase trant jou nan djèvò, kote manbo Gran Giton te mete fòs espirityèl sou li. Drapo a tounen yon entèlijans vivan, yon pwoteksyon ki mare pèp la ak lwa yo. Chak ane, yo refè rit sa a pou drapo a kontinye kenbe fòs li sou palè, palman, ak jistis peyi a.
21-23 jen, limyè atenn pik li. Se soltis ete, lè Ati Sole resevwa tout pwoblèm ak chay moun yo pou li desann ak yo.
16 jiyè, se fèt Mètrès Ezili Dantò, rèn peyi Ayiti, manman revolisyon an. Se li ki pran responsabilite pou libere pèp la. Chak ane, fidèl yo monte Sodo, pou onore li ak mizik, dans ak lapriyè.
17 jiyè rive 14 dawou, peryòd Chimen Zansèt. Yon moman meditasyon ak sakrifis pou onore esklav yo ki te sibi soufrans anba kal bato. Moun ki pran chimen sa a viv nan disiplin : yo dòmi atè, fè jèn, evite manje kwit ak sèl, epi yo limen lanp chak swa. Se yon fason pou ranfòse lyen ak memwa kolektif pèp la.
25 jiyè, fèt Ogou Feray, lwa lagè ak jistis, konpayon Èzili Dantò nan lit endepandans la.
14-15 dawou, se somè lit espirityèl ak nasyonal la : Seremoni Bwa Kay Iman. Jounen sa yo make nesans pèp ayisyen an, lè 21 tribi afriken te ini pou kase chenn lesklavaj. Kontra libète a te siyen ak san, anba direksyon Boukmann, ak patisipasyon Mètrès Dantò ak Ogou Feray. Drapo wouj ak ble nou an sòti nan inyon mistik sa a : ble pou Dantò, wouj pou Ogou.
Premye oktòb rive premye novanm, se moman pou pale ak zansèt yo, remèsye yo, epi bay yo fòs. Jou sa yo, espri yo pi pre, pare pou ede moun sou wout lavi a. Premye novanm, gwo fèt fèt nan tout lakou pou salye zansèt yo, di yo mèsi, epi selebre kontinite lavi a.
Nan almanak vodou a, chak dat gen sans, chak rit gen rezon. Se pa senpman relijyon, men yon filozofi ki mare pèp ayisyen ak rit linivè a. Solèy, fè nwa, tè, dlo, zansèt, tout ini nan yon menm mouvman kote chak zak senbolize rekonesans, disiplin ak espwa.
Vodou a, nan tout pwofondè li, se yon liv ouvè sou mistè lavi kote chak 21 desanm, chak 18 me, chak 14 dawou, se pa sèlman dat sou kalandriye, men pòt ki louvri sou memwa, sou idantite ak sou fòs espirityèl pèp ayisyen an.