Fèt Gede yo : lavi ak lanmò danse men nan men
Chak mwa novanm, Ayiti tranble anba son tanbou, galon kleren ak sant piman. Se moman Gede yo pran lari. Nan simityè, nan lakou, nan plas piblik, pèp la selebre lespri lanmò yo avèk lajwa, respè. Fèt Gede yo se youn nan pi gwo manifestasyon vodou ki gen rasin pwofon nan kilti nou.
Gede yo se espri lanmò, gadò simityè ak entèmedyè ant vivan ak mò. Yo se fanmi ki ri ak lanmò, ki pale verite san pè pou fè lavi pi lejè. Pi popilè nan yo se Bawon Samdi, Grann Brijit ak Gede Nibo. Yo abiye an nwa ak blan, mete linèt solèy, chapo, epi pafwa yo kenbe baton oswa boutèy kleren.
Nan 1e ak 2 novanm, fanatik vodou ak anpil lòt moun monte nan simityè ak flè, chandèl, kleren, piman. Yo danse, yo chante, yo priye, yo manje ansanm. Menm si se lespri lanmò yo onore, atmosfè a plen ak lavi, kè kontan. Moun yo kwè se yon fason pou respekte zansèt yo epi sonje rasin yo.
Fèt Gede yo montre kijan vodou se pa sèlman relijyon, men yon kiltirèl fondamantal nan idantite ayisyen an. Li melanje sakre ak pwofàn, lanmò ak lavi, doulè ak plezi. Nan Gede, pèp la jwenn fòs pou ri devan malè ak pou selebre memwa moun ki te vini anvan.
Nan moman kote anpil jèn ap chèche konprann kilti yo, Fèt Gede yo se yon rapèl : lanmò pa fen, li se kontinwite lavi. Pandan n ap mete piman nan kleren, n ap fè Gede yo ri, se pwòp lespri pèp la n ap ranime.
“Gede pa mouri, yo jis chanje kay.”