Bienvenue!

Angajman sitwayen ayisyen se fyète, se dwa ak responsablite

Nou se sitwayen ayisyen, e sa pote anpil fyète ak angajman. Nasyonalite nou se yon refleksyon istwa ak tradisyon ki fè nou inik. Chak Ayisyen gen yon wòl enpòtan nan devlopman kilti nasyonal la. Soti nan responsablite pou bay vwa nou nan eleksyon, rive patisipe nan aktivite kiltirèl, tout aksyon sa yo ranfòse nasyon an. Kòm sitwayen, se devwa nou pou soutni epi pwomote richès tradisyon nou yo. Ann chwazi ini ak angaje nou pou konstwi yon avni ki pi klere.

Pou nou aji kòm sitwayen responsab, nou dwe byen konprann dwa ak responsabilite nou. Dwa sivil yo pèmèt nou viv, travay, jwi byen ak sèvis, epi egzèse libète nou nan yon sosyete ki respekte lalwa. Dwa politik yo, bò kote pa yo, pèmèt nou vote epi patisipe nan chwa ki enfliyanse lavni peyi a. Dwa sa yo se baz yon sosyete ki respekte tout sitwayen.

Dwa sivil :
Chak Ayisyen gen dwa pou achte, vann, travay epi jwi sèvis nan yon sosyete ki fonksyone sou baz lalwa. Sa kontribye nan bati yon sosyete ki pi ekitab ak plis balanse.

Dwa politik :
Patisipasyon nan eleksyon se pa sèlman yon privilèj, men se yon gwo responsabilite tou. Chak sitwayen dwe patisipe kòm votè, e menm kòm kandida si yo kalifye.

Anfen, se yon privilèj pou yon moun sitwayen ayisyen, men privilèj sa a mande onè, respè ak pwoteksyon. Pèp la se fòs ki pouse nasyon an pi devan.

Ansanm, ann angaje nou pou bati yon avni dirab pou jenerasyon k ap vini yo.

De la même catégorie

Les plus consultés

Pour ce mois