Viv byen ak tèt ou pou viv byen ak lòt moun

Lòm se kò ak lespri. Ou pa dwe konsidere yo tankou de bagay separe. Lè ou respekte kò w ak lespri w, se premye fason pou pran lavi w oserye.Lavi se yon kado ki gen anpil valè. Se poutèt sa ou pa gen dwa detwi pwòp lavi ou, ni retire lavi yon lòt moun. Swisid ak asasina pote gwo doulè : yo kraze fanmi, yo kite blesi nan kè moun ki rete dèyè.Pran swen sante w se yon responsablite. Sa mande bon ijyèn, bon abitid, repo, ak swen lè maladi parèt. Lè sa nesesè, pa pè chèche èd medikal. Kò a bezwen mouvman tou : travay, distraksyon, espò ak egzèsis ede ou rete solid. Lè kò a byen, lespri a jwenn plis kalm ak ekilib.Men lavi pa fèt pou viv poukont ou sèlman. Chak moun resevwa èd, lanmou ak sipò nan men lòt moun. Se poutèt sa nou menm tou nou gen devwa pou ede, sipòte ak respekte lòt moun.Solidarite ak lanmou se sa ki bay lavi a plis sans.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/viv-byen-ak-tet-ou-pou-viv-byen-ak-lot-moun/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.