Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

OTRAL ranvwaye aktivite Tounen Lakay la pou 14 novanm 2026

Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) anonse ranvwa evènman Tounen Lakay, ki te dwe dewoule samdi 10 oktòb 2026 la, nan Palè minisipal Dèlma. Nan yon nòt pou laprès, òganizasyon an fè konnen aktivite a ranvwaye pou samdi 14 novanm 2026. Desizyon sa a konsène tout patnè, ekspozan ak moun ki te deja prevwa patisipe nan gwo randevou sa a.

Dapre nòt la, desizyon an pran apre OTRAL fin fè « parapò ak enkyetid ki gen sou tan epi sou demand plizè nan gran patnè nou yo ». Òganizasyon an pa bay plis detay sou difikilte sa yo, men li fè konnen se apre konsiderasyon sa yo li deside chanje dat aktivite a.

Malgre ranvwa a, OTRAL asire aktivite a ap kontinye fèt jan sa te prevwa a, ak menm vizyon pou mete kilti, tradisyon, patrimwàn ak richès peyi a an valè. Òganizasyon an vle kreye yon espas kote moun kapab dekouvri, viv epi transmèt sa ki fè valè kominote a. Se nan sans sa a li konte sou patisipasyon tout moun pou pwochen dat la.

Nan fen nòt li a, OTRAL remèsye tout patnè, sipòtè, ekspozan, patisipan ak gran piblik la pou konpreyansyon, konfyans ak sipò yo. Òganizasyon an konte sou kolaborasyon tout moun pou kontinye pote pwojè a pi devan. Aktivite Tounen Lakay la fikse kounye a pou samdi 14 novanm 2026.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/otral-ranvwaye-aktivite-tounen-lakay-la-pou-14-novanm-2026/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.