Gen anpil fanm ki konn fè sanblan yo vini lè y ap fè bagay. E ou menm ou konn fè sa tou ? E poukisa w fè sa ?
pa gen okenn etid serye vrèman ki eksplike poukisa medam sa yo pran pòz yo vini le y ap fè bagay ak mennaj yo osinon mari yo. Men gen kèk syantis ameriken ki sòti nan inivèsite Columbia ak Oakland te gade kesyon an epi yo leve vwal la sou rezon ki pouse fanm yo aji nan fason sa a. Rezilta: 60% nan fanm ki admèt yo pran pòz yo vini pou satisfe patnè yo.
Daprè rezilta chèchè yo, ki te pibliye nan etid la nan « Archives of Sexual Behavior », fanm ki pran poz yo vini yo pi plis se fanm ki pè pou patnè yo pa pral enfidèl.