Tradisyon fanmi
Eskè w bay pitit ou medsin ?
Nan yon epòk, lè peryod vakans rive paran yo te toujou pran plezi pou bay pitit yo medsin osinon fè rale yo. Jounen jodia, se yon tradisyon ki prèske pa egziste paske anpil paran pa kenbe pratik sa. Se sa ki fè, n ap kesyone pou n konnen si ou menm ou bay pitit ou medsin ?