À la une

Bay lwa manje: yon pratik sakre nan kwayans vodou ayisyen

Nan kwayans vodou ayisyen, bay lwa manje se yon aksyon ki pote anpil sans. Se pa yon senp tradisyon, men pito yon mwayen pou kenbe yon lyen dirèk ak espri ki fè pati lavi moun k ap pratike vodou a. Anpil moun bay lwa yo manje swa kòm yon jès rekonesans pou benediksyon yo resevwa, swa paske yo vle reyalize yon bagay enpòtan nan lavi yo, tankou bon rezilta nan biznis, sante, oswa pwoteksyon kont move zèv. Genyen tou se lwa yo menm ki mande manje, epi moun yo respekte demann sa a ak tout kè yo.

Maxime, ki se yon devwe nan sèvis lwa yo, rakonte eksperyans li ak pratik sa a:

« Mwen sonje lè m te gen gwo pwoblèm nan biznis mwen, tout bagay t ap mal pase. M ale wè ougan m la, li di m ‘Maxime, ou pa ka tann chans si w pa onore lwa yo, paske yo se poto mitan lavi w’. Se lè sa a mwen te mete tout bagay an plas. Mwen te bay Erzili Dantò ak Ogou manje, jan yo mande l la. Depi jou sa, bagay yo te kòmanse pran bon direksyon. Mwen wè chanjman nan biznis mwen, mwen jwenn plis kliyan, plis lavant. Lwa yo pa janm kite m soufri, se poutèt sa mwen toujou mete yo nan plas yo. »

Maxime pa sèl nan sitiyasyon sa. Anpil lòt Ayisyen k ap pratike vodou kwè respekte lwa yo, bay yo manje lè sa nesesè, se yon garanti pou lavi yo mache byen.

Lè w deside bay lwa manje, ou pa ka fè sa san reflechi. Gen lwa ki ka deside pa manje menm si w mete manje sou tab sakre a. Pou egzanp, si w ap bay Erzili Freda manje, ou dwe asire w ke w bay lwa tankou Grann, Sen Jak, ak Danmbala manje tou. Pi enpòtan toujou, avan w ofri manje bay nenpòt lwa, Legba dwe manje an premye, paske se li ki gen kle tout pòt yo. San li, okenn lòt lwa pa kapab resevwa manje.

Marasa yo vini apre Legba, paske yo se fòs ki pote ekilib. Yo reprezante inosan lavi a, e yo merite premye pati nan tout sa k ap fèt. Lè sa fin regle, w ap ka kontinye ak lòt lwa yo, chak ak sa yo renmen:

Erzili Dantò: diri kole ak pwa nwa, poul nwa oswa kochon, ak divin wouj

Ogou Feray: diri kole ak pwa wouj, kòk wouj, ak tafya

Erzili Freda: pwason roz, diri blan, kèmas oswa likè

Grann: tonmtonm ak kalalou

Danmbala: siwo dòja ak ze

Kouzen: tchaka mayi

Marasa: ti manje lèzanj tankou kola, pop-corn, chiko, ti sirèt, bonbon siwo, pen, ak labouyi

Chak manje pote yon enèji espesyal ki koresponn ak lwa li a. Si w pa respekte sa lwa yo renmen, se ka yon mank de respè ki ka lakoz malè nan lavi moun k ap bay manje a.

Yon seremoni ki fèt ak respè ak devosyon
Lè w ap bay lwa manje, ou ka mete manje a sou yon tab sakre, epi si sa nesesè, lwa a ka desann nan tèt yon manbo oswa yon ougan pou vin resevwa l pèsonèlman. Nan moman sa yo, gen chante ki entone, tanbou k ap bat, epi anpil lòt moun ka prezan pou asiste seremoni an.

Lè lwa desann, li ka ofri tout moun ki la manje. Pou moun ki kwè nan fòs lwa yo, manje sa yo pa senp manje ankò: yo tounen manje sakre ki ka pote chans, geri maladi, epi bay benediksyon. Se poutèt sa, lè lwa mete manje nan bouch yon moun, li se yon onè ak yon benediksyon.

Yon aspè enpòtan nan bay lwa manje, se respè pou tan ak rit ki vini ak chak lwa. Pou Erzili Dantò, li enposib pou mete manje sou tab li avan 7 è di swa. Sa se yon règ ki pa ka chanje, paske chak lwa gen preferans yo, pa sèlman nan manje, men tou nan lè ak fason yo resevwa manje.

Apre tout lwa yo fin manje, dènye moun ki resevwa manje a se Baron, chèf simityè a. Se li ki vin fèmen seremoni an, e apre sa, manje ki rete sou tab la dwe rete an plas pandan 7 jou. Rezon sa a se paske gen lwa ki pa manje menm kote yo mete manje a; gen ladan yo ki manje sou twa jou, lòt sou sèt jou.

Lè tan sa a fin pase, tout rès manje yo antere dapre règ vodou a.

Bay lwa manje se pa yon senp pratik: se yon koneksyon dire ak espri ki gide lavi moun ki kwè nan vodou. Li se yon mwayen pou onore yo, pou remèsye yo, epi pou mande èd nan moman difisil. Moun tankou Maxime konnen byen ke si w respekte lwa yo, yo pa janm kite w soufri.

Nan sosyete ayisyen an, menm an fas difikilte, anpil moun kontinye respekte pratik sa yo, paske yo kwè ke se rasin nou, se ezans nou. Pwoteje tradisyon sa yo se kontinye kenbe lyen nou ak espri ki toujou la pou nou.

De la même catégorie

Les plus consultés

Pour ce mois