Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

El Rancho tounen yon veritab vitrin pou pwodiksyon, kilti ak kreyativite ayisyen nan Fwa endistriyèl la 

Ministè Komès ak Endistri, sou patwonaj Primati, te mete fen sou semèn endistriyèl 2026 la ak yon gwo fwa ki te rasanble antreprenè, pwodiktè, atizan ak piblik la, nan El Rancho Convention Center, jou samdi 3 oktòb 2026 la. Depi nan antre a, koulè, pwodwi, gou ak son te bay espas la yon atmosfè espesyal, kote pwodiksyon ayisyen te pran plas li kòm yon ekspresyon kreyativite ak fyète nasyonal.

Fwa a te bay vizitè yo opòtinite pou yo dekouvri yon pakèt pwodwi ki soti nan travay antreprenè ak pwodiktè ayisyen. Legim, fwi, epis, farin, pwodwi transfòme, bwason, manje, atik dekoratif ak divès lòt pwodui te prezante sou tab ekspozan yo. Gen pwodwi tou ki fèt ak materyèl natirèl, sa ki montre kapasite kreyatè ayisyen yo genyen pou yo bay matyè lokal yo yon lòt valè.

Nan sektè atizana a, imajinasyon te parèt nan tout fòm. Sandal atizanal, kolye, braslè, zanno, chenn, sak, bwat, bòl, makout, chèz ak lòt akseswa te bay yon bèl demonstrasyon sou richès ayisyen an. Gen kèk pyès ki te fèt ak bwa, kokiy, grenn. Gen lòt materyèl natirèl tankou ajil ki te pèmèt atizan yo fè kwi, krich, ak lòt ankò. Chak objè te pote yon ti moso nan kilti peyi a, pandan li montre tou posiblite ki genyen pou atizana vin yon sous revni ak yon mwayen pou kreye travay.

Tab ki te konsakre ak pwodui alimantè yo te patikilyèman atire atansyon nou. Gwo kantite legim, piman, chou, joumou, chadèk, zaboka ak lòt pwodwi agrikòl te raple enpòtans pwodiksyon nasyonal la ki, chak jou k ap pase, konnen yon diminisyon akòz gang yo ki kenbe peyi a an otaj. Gen lòt ekspozan ki te prezante grenn, farin ak pwodwi transfòme yo nan anbalaj ki pare pou konsomatè. Tout ansanm te bay yon imaj yon peyi ki pa sèlman konsome, men ki gen kapasite pou l pwodui, transfòme epi mete pwodwi pa l sou mache a, malgre posibilite yo redwi anpil.

Gastronomi ayisyen an te jwenn plas pa l tou nan gwo randevou sa a. Apre yon jounen vizit, dekouvèt ak acha, patisipan yo te kapab savoure kèk nan bon plat ki fè repitasyon kwizin peyi a. Griyo, diri lalo, kasav, taso, ak lòt espesyalite te fè pati eksperyans lan. Sant ak gou manje yo te ajoute yon lòt dimansyon nan evènman an, pandan yo te raple piblik la jan gastronomi sa kapab sèvi kòm yon zouti pou valorize kilti epi kreye opòtinite ekonomik pou Ayiti.

Envite dònè a, Harry Nicolas, nou tout konnen sou non « Mèt Fèy Vèt », te atire atansyon ak divès kalite pwodwi ak solisyon li te prezante. Pami yo te genyen yon poud ki pèmèt prepare yon piri avèk yon ti kantite dlo cho. Prezantasyon sa a te montre kijan inovasyon kapab soti nan obsèvasyon bezwen moun yo epi bay repons ki senp, pratik ak itil.

Men, fwa a pa t limite sèlman ak pwodwi pou vann. Li te sèvi tou kòm yon espas sèvis ak koneksyon. Sitwayen ki te pèdi oswa andomaje kat elektoral yo te jwenn yon espas kote yo te kapab regle dosye sa yo. Gen lòt moun ki te pwofite okazyon an pou legalize oswa anrejistre biznis yo. Konpayi ak lòt estrikti te resevwa CV jèn moun ki t ap chèche opòtinite travay, sa ki te kreye yon lyen dirèk ant moun k ap chèche travay ak sektè prive a.

Pandan vizit li, minis Komès ak Endistri a, James Monazard, te pran tan pou l pase bò kote plizyè ekspozan epi pale avèk yo sou travay y ap fè. Brana, DMS, Farmatrix, Laboratoire 4C, Caribbean Baking Company nan gwoup HM, Comme Il Faut, RAMSA, La Couronne, Barbancourt ak Canado Technique te pami antrepriz li te rankontre. Vizit sa yo te bay minis la okazyon pou l wè divès kalite pwodwi ak inisyativ ki ap devlope nan sektè pwodiktif la.

Pi lwen pase aktivite komèsyal yo, anbyans lan te bay jounen an yon lòt touch. Mizik ak animasyon DJ yo te akonpaye piblik la pandan plizyè moman. Lè pwogram nan t ap pwoche nan fen li, DJ Bmix, Afriken ak Silibo te mete plis chalè nan espas la. Son mizik yo te melanje ak bri moun k ap pale, ri, achte, goute manje ak dekouvri pwodwi, pou fè El Rancho tounen yon espas kote lajwa ap taye banda.

Viktwa Ayiti a kont Repiblik vwazin nan te bay anbyans lan yon lòt koulè. Nan fen aktivite yo, mizik ak animasyon yo te pèmèt patisipan yo selebre ansanm, pa sèlman fen semèn endistri a, men tou viktwa peyi a. Antouzyasm lan te pran plas, epi mizik la te sèvi kòm youn nan fason moun yo te eksprime kè kontan yo ak fyète yo pou peyi nou an. Nan moman sa yo, fèt la te depase kad yon fwa komèsyal pou l vin tounen yon moman kolektif kote moun t ape pataje lajwa ak fyète nasyonal.

Gwo Fwa semèn endistri 2026 la te finalman montre yon lòt figi Ayiti. Li montre yon peyi ki gen pwodiktè, atizan, antreprenè, kreyatè ak jèn moun ki pare pou mete kapasite yo nan sèvis ekonomi an. Ant manje tradisyonèl yo, pwodwi agrikòl yo, bijou ak akseswa atizanal yo, pwodui transfòme yo ak sèvis yo, chak ti detay te rakonte yon pati nan istwa pwodiksyon nasyonal la. Se te yon bèl okazyon pou piblik la wè, touche, goute epi achte sa Ayiti ap pwodui.

Samuel LÉONARD

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/el-rancho-tounen-yon-veritab-vitrin-pou-pwodiksyon-kilti-ak-kreyativite-ayisyen-nan-fwa-endistriyel-la/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.