Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

Emmanuel Woodly François ranpòte final Gran Konkou nasyonal Lekti a

Bibliyotèk nasyonal Ayiti (BNA) te anonse, vandredi 2 oktòb 2026 la, rezilta Gran Konkou nasyonal Lekti (GKNL) a, pandan yon seremoni ki te òganize nan otèl Karibe. Premye edisyon konkou a te konsakre ak travay ekriven ayisyen an, René Depestre. Nèf finalis yo, ansanm ak pwofesè, paran, reprezantan enstitisyon kiltirèl ak manm kò diplomatik yo, te patisipe nan seremoni sila a.

Emmanuel Woodly François ranpòte premye plas nan konkou a. Wilflore Louis klase dezyèm, tandiske Wis-Endia Luberisse pran twazyèm plas la. Twa jèn lektè yo te resevwa rekonpans yo pandan seremoni an.

Emmanuel Woodly François, chanpyon premye edisyon Gran Konkou nasyonal Lekti a, resevwa yon pri 400 000 goud. Wilflore Louis resevwa 300 000 goud pou dezyèm plas la, pandan Wis-Endia Luberisse resevwa 150 000 goud pou twazyèm plas la. Yo te remèt liv tou ak de premye finalis yo, epi rès finalis yo te resevwa yon sètifika patisipasyon.

Seremoni an te kòmanse ak difizyon kèk ekstrè nan yon dokimantè Arnold Antonin reyalize sou lavi ak travay René Depestre. Chwa ekriven an pou premye edisyon konkou a antre nan aktivite ki òganize nan kad selebrasyon santyèm anivèsè nesans li.

Gran Konkou nasyonal Lekti a te lanse ofisyèlman 3 mas 2026. Objektif li se ankouraje jèn yo li plis epi ede yo vin pi pwòch ak zèv literè yo. Konkou a te chita sou plizyè tèks René Depestre, epi nèf kandida te rive nan faz final la.

Avèk inisyativ sa a, Bibliyotèk nasyonal Ayiti vle ankouraje lekti kòm yon mwayen pou dekouvri, reflechi epi transmèt kilti. Viktwa Emmanuel Woodly François a make non sèlman premye chanpyon konkou a, men tou, yon bèl moman pou literati ayisyen ak jèn ki chwazi fè de lekti yon pati nan lavi yo.

Samuel LÉONARD

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/emmanuel-woodly-francois-ranpote-final-gran-konkou-nasyonal-lekti-a/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.