Chak 2 novanm, anpil Ayisyen make Jou Mò yo (fidèl dèfen yo). Nan tradisyon vodou ayisyen an, dat sa a gen yon gwo enpòtans nan selebrasyon fanmi Gede a, ki gen rapò ak lanmò, simityè ak memwa zansèt yo.
Se yon okazyon kote vodouyizan yo òganize seremoni, chante, bat tanbou ak danse pou rann omaj ak moun ki ale yo, onore zansèt yo, epi prezève lyen espirityèl ki ant vivan ak moun ki mouri yo. Selebrasyon sa yo dewoule nan simityè, peristil ak lòt espas sakre.
