Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

Èskew te konnen Marie Curie se premye moun ki te resevwa 2 Pri Nobèl nan 2 disiplin syantifik diferan ?

Nan yon epòk kote fanm pa te jwenn menm rekonesans ak gason nan domèn syantifik la, Marie Curie te rive fè yon plas pou tèt li gras a dekouvèt li yo. Li te yon fizisyèn ak yon chimis ki te fèt nan peyi Polòy, men ki te vin gen nasyonalite fransè. Li te konsakre lavi li nan rechèch sou radyoaktivite.

An 1903, li te resevwa Pri Nobèl Fizik ansanm ak Pierre Curie ak Henri Becquerel. Uit lane apre, an 1911, li te resevwa Pri Nobèl Chimi pou travay li te fè sou radyòm ak polonyòm.

Se konsa, li te vin premye moun nan listwa ki resevwa 2 Pri Nobèl nan de disiplin syantifik diferan. Jiskaprezan, reyalizasyon li yo kontinye make listwa syans epi sèvi kòm yon egzanp sou plas fanm ka genyen nan rechèch syantifik.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/eskew-te-konnen-marie-curie-se-premye-moun-ki-te-resevwa-2-pri-nobel-nan-2-disiplin-syantifik-diferan/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.