Nou fyè anpil dèske Grenadye nou yo rive kalifye pou Koup di Mond lan, yon reyalizasyon plis pase 150 peyi pa t rive fè.
Menm si nou te sibi yon defèt yè swa, nou te fè yon bagay anpil lòt peyi pa t gen chans reyalize : nou te patisipe sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la.
Ann aprann pitit nou yo ke lanmou pou peyi pa dwe depann de viktwa oswa defèt. Yo dwe toujou fyè de peyi yo, fyè de istwa yo, fyè de eritaj yo.
Pi enpòtan toujou, yo dwe konprann ke lanmou pou peyi a dwe toujou pase an premye pou byennèt kolektif ak avni nasyon an.
Grenadye Alaso !