Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

Twa atis ayisyen seleksyone pou rezidans « Par Quatre Chemins 2026 »

Asosyasyon « Quatre Chemins » fè konnen non twa atis ki seleksyone pou rezidans « Par Quatre Chemins » pou ane 2026 la. Pou douzyèm edisyon pwogram nan, jiri a chwazi Marline Bochand, John Woodly François ak Ar Guens Jean Mary pou devlope pwojè kreyasyon yo nan diferan vil peyi a. Pwogram nan jwenn sipò, pami lòt moun, nan men REVIV, Inyon ewopeyen an ak FOKAL.

John Woodly François, ki soti Tigwav, se atis ki jwenn rezidans nan domèn atizay vizyèl. Pwojè li a pote non « Tèt san kò ». Li chita sou relasyon ki genyen ant mitoloji, espirityalite, memwa ak vyolans. Atis la pran enspirasyon nan yon figi ki prezan nan kwayans popilè nan Karayib la. Pandan rezidans li, li prevwa reyalize yon seri 13 travay ki pral melanje penti, desen ak monotip. Travay li nan Okay ap gen ladan tou rankont, temwayaj ak atelye ak adolesan.

Ar Guens Jean Mary, yon powèt ak dramatij ki soti Jakmèl, pral kontinye travay sou pwojè « Les méduses d’Anse-à-Pitres ». Li te resevwa Pri « ETC Caraïbe an 2025 ». Nan kad rezidans lan, li vle eksplore reyalite zòn fwontyè a atravè istwa ak temwayaj moun k ap viv nan zòn nan. Migrasyon, komès, solidarite chak jou ansanm ak reyalite fanm yo ap sèvi kòm sous pou rechèch li. Objektif la se transfòme temwayaj sa yo an tèks fiksyon.

Nan Jakmèl, Marline Bochand pral devlope yon pwojè ki chita nan kwaze teyat, pwezi ak pèfòmans. Jenn atis la, ki gen fòmasyon nan atizay pale an piblik, ap reflechi sou plas yo bay vwa fanm yo nan espas piblik ak nan domèn atistik. Li enterese sitou nan istwa fanm afwodesandan yo ansanm ak kèk narasyon ki te rete lontan sou kote. Pou li, pawòl la kapab tounen yon mwayen pou eksprime tèt li, reziste epi reprann plas li.

Malgre twa atis yo gen diferan pakou, pwojè yo genyen plizyè pwen an komen. Yo tout enterese nan memwa, nan istwa ak vwa ki pa jwenn ase espas, ansanm ak fason atizay kapab bay yon lòt lekti sou reyalite peyi a. Apwòch sa a mache ak objektif rezidans « Par Quatre Chemins », ki akonpaye atis yo nan devlopman pwojè ki konekte ak vil ki andeyò Pòtoprens yo, epi ki ankouraje desantralizasyon kreyasyon kiltirèl la.

Rezidans « Par Quatre Chemins » te lanse depi 2014. An jeneral, pwogram nan pèmèt atis yo pase yon peryòd nan rechèch ak kreyasyon, pandan yo patisipe tou nan aktivite ak moun nan kominote kote yo ye a. Pou edisyon 2026 la, travay atis yo dwe prezante nan kad « Festival Quatre Chemins », ki prevwa fèt nan Pòtoprens soti 25 novanm pou rive 7 desanm k ap vini la.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/twa-atis-ayisyen-seleksyone-pou-rezidans-par-quatre-chemins-2026/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.