Direksyon nasyonal Liv la (DNL) prezante yon liv kolektif ki pote tit « René Depestre : Un siècle d’étincelles ». Liv la rasanble kontribisyon 41 otè ki pote fason yo chak wè lavi, travay ak eritaj youn nan gwo non literati ayisyen an. Piblikasyon sa a antre nan kad yon seri aktivite ki te fèt pou make santyèm anivèsè nesans René Depestre.
Pwojè a te fèt sou direksyon Verly Dabel, Gary Victor ak Adlyne Bonhomme. Nan entèvansyon li, Verly Dabel, ki te kowòdonatè pwojè a, mete aksan sou enpòtans liv la kòm youn nan dènye gwo moman nan yon ane ki te konsakre ak selebrasyon René Depestre. « René Depestre : Un siècle d’étincelles » fè sonje tou premye rekèy powèt jakmelyen an, « Étincelles », ki te parèt an 1945. Se apati referans sa a liv la pran sans li, pandan plizyè jenerasyon ekriven ap pote pwòp limyè pa yo sou travay Depestre yo.
Direktè jeneral DNL la, Ernst Saint-Louis, mete piblikasyon an nan kad pwogram « Elòj literati », yon inisyativ ki vize bay liv ak moun k ap travay nan domèn literati a plis plas toujou. Li salye kontribisyon 41 otè yo e li raple nesesite pou kontinye fè patrimwàn literè ayisyen an viv. Nan non minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmanuel Ménard, direktè jeneral ministè a, Stéphanie Saint-Louis, te remèsye otè yo pou patisipasyon yo. Ansyen minis Kilti a, Patrick Delatour, te patisipe tou nan seremoni an e li te pale sou enpòtans ane omaj sa a pou René Depestre.
Seremoni an te dewoule nan yon anbyans ki te chaje ak temwayaj, lekti kèk ekstrè nan liv la ak moman atistik. Aktivite a te fini ak yon pèfòmans atis Titi Congo. Pou DNL, liv kolektif sa a vini kòm yon lòt fason pou konsève memwa yon ekriven ki make literati ayisyen an pandan plizyè dizèn lane. Li mete ansanm plizyè vwa pou kontinye fè travay René Depestre sikile, pandan li raple plas li nan patrimwàn literè ak entelektyèl peyi nou.
Samuel LÉONARD
