Èske w bay pitit ou prensip ?

TRADISYON FANMI

Li enpòtan anndan fanmi yo pou paran yo fè edikasyon pitit yo. Gen anpil fanmi ayisyen ki kontante yo de sa pitit yo ap jwenn lekòl la paske pou yo menm, lekòl la ap montre pitit yo tout bagay. Alòske se nan fanmi an pou timoun yo aprann anpil bagay tankou vin yon moun onèt, aprann apresye valè l, ak kijan pou l vin yon moun responsab.

Paran yo dwe ensiste sou sa ki pozitif ak timoun yo, fikse bon jan règ, distrè yo ak nan yon fason ki kreyatif, sanksyone yo san fè kòlè sou yo, pase tan ak yo, toujou felisite yo lè yo reyalize yon bagay, pa gate l ak bagay materyèl epi transmèt yo valè tankou respè, pasyans, kalm, pèseverans, politès, travay, tolerans, aprann tande, kouraj, espri pozitif ak pèsonalite.

E ou menm ? Èske w fè edikasyon pitit ou lakay ou?

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *