Nan yon peyi kote avni politik la toujou ap soulve anpil kesyon, mobilizasyon jèn yo pou enskripsyon sou lis elektoral la reprezante yon demach ki merite ankourajman. Se nan sans sa a yon gwoup jèn enfliyansè ayisyen ap pote yon inisyativ ki gen pou objektif ankouraje plis jèn al anrejistre pou yo kapab patisipe nan pwochen eleksyon yo. Atravè « Tchalenj Al Anrejistre » a, patisipan yo envite lòt jèn swiv egzanp yo, pataje demach yo sou rezo sosyal epi kontinye fè mesaj la sikile. Se yon inisyativ ki kapab bay bon rezilta, men li enpòtan pou nou sonje enskripsyon se sèlman premye etap la nan yon pwosesis ki mande plis angajman.
An reyalite, sitwayènte pa limite ak dwa pou kritike, denonse, pataje piblikasyon politik oswa eksprime mekontantman sou Facebook, TikTok ak lòt platfòm dijital. Li enplike tou yon seri responsabilite, pami yo patisipasyon nan lavi demokratik peyi a. Vote se yon dwa fondamantal, men se yon devwa sivik tou. Se youn nan mwayen sitwayen yo genyen pou yo fè tande vwa yo, enfliyanse direksyon peyi yo epi patisipe nan chwa moun ki pral dirije enstitisyon yo. Yon sosyete pa kapab toujou ap plenyen pou move dirijan pandan li neglije youn nan zouti ki pèmèt li patisipe nan chwazi moun ki pral dirije l.
Men, gen yon verite nou pa dwe pèdi nan mitan tout mouvman dijital sa yo. An efè, eleksyon pa yon aktivite vityèl, se yon reyalite fizik. Li p ap fèt sou Facebook, Instagram, TikTok ni nan kòmantè anba piblikasyon sou aplikasyon sa yo. Se nan biwo vòt yo, devan bilten yo, nan jou otorite elektoral yo fikse a, sitwayen y ap gen pou yo fè chwa yo. Ou kapab gen plizyè milye piblikasyon, pataje plizyè santèn mesaj pou mande chanjman, patisipe nan tout deba politik sou entènèt la, men si ou pa fè demach ki nesesè pou patisipe nan pwosesis elektoral la, vwa ou ka rete san pwa nan moman desizif la. Oubyen, menm jan dikton Ayisyen an di :« Se lave men siye atè »! Se poutèt sa, ankouraje jèn yo al enskri enpòtan anpil, men mobilizasyon an pa dwe kanpe la. Fòk li mennen yo jouk nan biwo vòt yo.
Paske, finalman, se pa sèlman montre ou vle vote ki konte, se poze aksyon pou w kapab vote. Si ou pa vle lòt moun deside avni w nan plas ou, fòk ou pran responsabilite pou patisipe nan desizyon sa a. Si ou pa vle yo enpoze w yon chwa ou pa dakò avè l, fòk ou sèvi ak dwa ou pou al chwazi sa ou vle a. Sèl fason pou w pa kite lòt moun fè chwa a nan plas ou, se lè ou menm ou pran angajman pou fè pwòp chwa pa w. Pa gen okenn garanti yon kandida ou sipòte ap genyen, men absans ou nan pwosesis la pa kapab amelyore sitiyasyon an nonplis. Demokrasi mande patisipasyon, vijilans ak konsyans sitwayèn.
Se la refleksyon filozòf fransè Jean-Paul Sartre a envite nou chak konprann. Nan liv li ki rele « L’Être et le Néant », li ekri : « Nous sommes seuls, sans excuses. C’est ce que j’exprimerai en disant que l’homme est condamné à être libre. Condamné, parce qu’il ne s’est pas créé lui-même, et cependant libre, parce qu’une fois jeté dans le monde, il est responsable de tout ce qu’il fait. »
Sa dwe raple nou responsabilite nou pa disparèt paske nou chwazi evite l. Nou kapab kouri pou li, fèmen je nou sou li oswa pretann se lòt moun ki pou aji, men konsekans chwa nou yo ap toujou fini pa jwenn nou. Nan yon pwosesis elektoral, pa patisipe se yon chwa tou, epi chwa sa a kapab gen konsekans sou avni nou menm jan ak avni jenerasyon k ap vini yo.
Kidonk, « Tchalenj Al Anrejistre » a dwe sèvi kòm yon pwen depa pou yon mobilizasyon ki pi laj. Jèn yo pa dwe sèlman montre yo enterese nan politik sou rezo sosyal yo, yo dwe pran plas yo nan lavi sitwayèn peyi a. Al anrejistre, chèche enfòmasyon sou kandida yo, egzamine pwogram yo, poze kesyon, fè chwa ak konsyans epi al vote. Paske chanjman nou reklame a pa kapab rete yon senp achtag, yon eslogan oswa yon videyo ki fè anpil vizyalizasyon. Li mande angajman, responsabilite ak aksyon. Pa kite lòt moun chwazi avni w pandan ou menm ou chita ap gade. Al anrejistre, epi lè jou eleksyon an rive, al vote. Men, pa vote sou emosyon, pa vote paske foul la ap pwomot piyajè, gaspiyè, manjè avni, vote ak konsyans epi chwazi ak entèlijans.
Samuel LÉONARD
