Dèyè non atistik Chanda-YAAG la gen yon jèn fanm ki renmen lavi, ki pasyone pou atizay epi ki jwenn nan mo yo yon mwayen pou eksprime tèt li, denonse enjistis ak transmèt mesaj. Nichanda Préval, non li pote nan lavi chak jou, se kowòdonatris SIR (Sororité Intense pour Rayonner). Li se etidyan k ap fini etid li nan dwa epi li ap etidye etnoloji tou. Depi li te gen douzan, li dekouvri li gen kapasite pou ekri. Sa ki te kòmanse kòm yon senp aktivite lekòl ak zanmi vin tounen yon pasyon ki pran tout plas li nan lavi l. Jodi a, li ap evolye nan plizyè domèn atistik, tankou ekriti, eslam, teyat ak met an sèn.
« Pou moun ki pa konnen Chanda-YAAG, mwen se yon moun ki renmen lavi, mwen renmen atizay. Depi douzan, mwen dekouvri mwen kapab ekri epi mwen fè sa tounen pasyon mwen. Aktyèlman, mwen ap navige ant ekriti, eslam, teyat ak met an sèn », se konsa li prezante tèt li.
Premye eksperyans li nan ekriti remonte nan epòk lekòl, kote li te konn ekri ansanm ak zanmi li yo, sitou Manah-Issa Pierre, avèk ki li kontinye kolabore jiska prezan. Nan moman sa a, li pa t nesesèman gen yon objektif byen defini. Li te jis remake li te gen fasilite pou ekri epi pwopoze ide pou ede lòt moun konstwi tèks yo. Se konsa, san li pa t menm rann li kont, li t ap poze premye wòch nan konstriksyon yon chemen ki t ap mennen l pi lwen pase sal klas.
A trèzan, li te kofonde « L’Union Typique », yon jèn gwoup atistik ki te konn fè pèfòmans nan legliz ak nan kèk konferans. Eksperyans sa a te pèmèt li fè premye pa li sou sèn. Piti piti, lòt moun kòmanse remake talan li, sa ki ba li nouvo opòtinite pou l pataje sa li konnen. Li vin fòmatris nan eslam nan lekòl. Apre sa, ansanm ak yon gwoup jèn medam, li patisipe nan mete SIR (Sororité Intense pour Rayonner) sou pye, yon estrikti kote li okipe fonksyon kowòdonatris jodi a. Yon lòt etap ki montre enterè li pou transmisyon konesans ak akonpayman lòt jèn nan domèn atistik.
Men, chimen sa a pa t toujou fasil. Dèyè atis ki pran lapawòl devan piblik la jodi a, gen yon moun ki te timid anpil. Chanda-YAAG rekonèt pale devan yon klas oswa devan yon foul moun te toujou yon gwo difikilte pou li. Se youn nan rezon ki fè non atistik li a gen yon siyifikasyon espesyal nan lavi li.
Chwa non sa a soti nan admirasyon li te genyen pou kèk atis tankou Gims, Diam’s ak Stromae. Li te remake lè moun ap pale de atis sa yo, yo souvan itilize non konplè yo ansanm ak non atistik yo. Sa te fè l anvi genyen yon espedonim ki orijinal, ki ta ka pouse moun kirye sou idantite li. Se konsa, li te fòme non YAAG la apati yon fraz, anvan li ajoute « Chanda », ki soti nan Nichanda, pou l jwenn non konpoze Chanda-YAAG la.
« Chak fwa yo rele m Chanda-YAAG, mwen santi m pwisan. Non sa a reprezante anpil pou mwen », li fè konnen. Pou li, YAAG pa yon senp asanblaj lèt. Se yon prensip lavi li rezime nan ekspresyon « Yo An Aksyon Grandi ». Yon apèl ki pouse l reflechi, pran rekil sou tèt li epi sonje enpòtans pou l toujou rete moun, menm lè lavi a vin pi difisil.
Nan tout domèn li ap eksplore yo, pwezi rete youn nan pi gwo sous motivasyon li. « Pwezi se lavi pou mwen », se yon deklarasyon ki montre plas ekriti okipe nan egzistans li. Gras ak pwezi, li rive rankontre anpil moun, vin itil nan kominote li epi patisipe nan ranfòse kapasite lòt jèn. Se nan dinamik sa a li vin antre nan fòmasyon ak akonpayman jèn ki enterese nan eslam.
Angajman li parèt tou nan kalite sijè li chwazi trete nan tèks li yo. Kesyon sosyal, sitiyasyon fanm ak denonsyasyon enjistis se kèk nan prensipal sous enspirasyon li. Reyalite li ap viv nan peyi a enfliyanse fason li ekri ak mesaj li vle transmèt. Pou Chanda-YAAG, pwezi pa sèlman yon mwayen pou fè bèl pawòl. Li se yon zouti ki pèmèt moun obsève, konprann epi reflechi sou sa k ap pase nan sosyete a.
« Mwen wè pwezi kòm yon fòs ki pèmèt nou gen je sou tout ansanm bagay n ap viv yo », li esplike. Nan sans sa a, li swete moun ki rankontre ak travay li yo kapab santi bon enèji, jwenn yon sous refleksyon epi pote yon bagay pozitif ale avèk yo.
Pou lavni, Chanda-YAAG fè konnen li gen plizyè pwojè nan tèt li pou ane k ap vini yo. Men, li prefere kenbe detay yo pou tèt li pou kounye a. « Mwen gen anpil pwojè pou ane k ap vini yo, si Lanati dakò. M ap kite yo siprann nou », li fè konnen.
Pi lwen pase pwojè pèsonèl li, atis la gen yon lòt anbisyon ki parèt enpòtan anpil nan vizyon li : kite yon eritaj. Li vle kontribye nan kreye plis espas pou medam yo kapab eksprime talan yo, kreye epi pran plas yo nan domèn atistik san yo pa kite dout bloke yo. Li vle patisipe tou nan fè eslam nan vin gen plis enpòtans nan sosyete ayisyen an.
Soti nan premye tèks li te ekri lè li te gen douzan rive nan eksperyans li kòm fòmatris, atis eslam, moun k ap fè teyat ak met an sèn, Nichanda Préval, alyas Chanda-YAAG, kontinye trase chemen pa li. Yon chemen kote mo yo sèvi kòm zouti pou kreye, denonse, fòme ak transmèt. Pou li, reyisit pa ta dwe rete nan kapasite pou fè pwòp vwa li tande, men li dwe pèmèt lòt vwa jwenn espas pou yo egziste tou. Se petèt youn nan pi gwo sans non li pote a : « Yo An Aksyon Grandi ».
Samuel LÉONARD
