Voix Plurielles
Découvrez Voix Plurielles : un espace simple pour écrire et partager vos textes.

Ki wòl ak diferans ki genyen ant ougan, manbo ak bòkò ?

Nan tradisyon vodou ayisyen an, gen plizyè kategori moun ki sèvi lwa yo. Chak moun sa yo gen tit ak wòl pa yo. Ougan, ougan makout, manbo makout, sèvitè lakou ak sèvitèz se tout moun lwa yo chwazi pou resevwa konesans epi ede kominote yo ye a. Wòl yo pa limite sèlman nan seremoni, men li touche lavi espirityèl ak sosyal moun yo chak jou.

Ougan ak manbo se sèvitè ki òganize tèt yo nan kad estrikti inisyasyon pou pwoteje sekrè mistik yo. Pou rive nan nivo sa, yon moun dwe sibi inisyasyon, sa yo rele vin asogwe¹, li resevwa ason² an. Yo se poto mitan nan sèvis vodou a, paske yo gen responsablite dirije seremoni epi asire yo transmisyon konesans yo fèt nan disiplin ak respè.

Ougan ak manbo makout yo, menm si yo pa fè pati yon gwoup inisye, se tout moun lwa yo chwazi. Yo jwe yon wòl enpòtan nan sosyete a, paske yo deplase nan diferan zòn pou pote sèvis bay popilasyon an. Yo pa mare nan yon estrikti fòmèl la, sa nou rele inisyasyon an, men aksyon yo rete itil nan reponn bezwen espirityèl moun yo, espesyalman nan zòn ki pi lwen yo. Souvan nou plis konsidere yo kòm gerisè.

Anplis kategori sa yo, gen bòkò, ki konsidere kòm espesyalis nan maji, yon disiplin ki mande anpil tan ak pasyans pou metrize l. Yo itilize konesans yo pou manipile fòs natirèl yo. Se bòkò yo ki kreye sa nou rele pwen³ an. Men, konesans sa yo vini ak gwo responsabilite, paske nenpòt move itilizasyon ka mennen pinisyon sevè. Moun sa ka dewoute, kote li vin malfektè …

Tout chemen sa yo souvan pase pa kanzo, yon etap inisyasyon kote moun nan konfime angajman li anvè lwa yo, epi sibi eprèv ki make antre li nan lavi espirityèl la. Yon moun ki kanzo (aksepte apèl lwa yo) se yon mwayen pou li ka metrize, kanalize epi pwoteje tèt li ak konesans li resevwa yo. 

« Lè yon vodouyizan chwazi reponn wi a reklamasyon lwa yo, li dwe sibi inisyasyon pou li vini kanzo, ougan, manbo oubyen sèvitè. Gen plizyè rit li ka chwazi pou li inisye, tankou deka, kongo oubyen rada. Lè yon moun kanzo, li pase eprèv dife sou rit rada », se sa Carl Henri Desmornes ekri nan liv li a ki gen tit « Ti limyè sou vodou».

Asogwe : grad ki pi wo, kote ou resevwa ason an.

Ason : enstriman sakre ki senbolize pouvwa ak otorite prèt vodou yo (ougan ak manbo).

Pwen : yon bagay bòkò yo fè ki bay lèzòm pouvwa lèzòt yo pa genyen. 

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/ki-wol-ak-diferans-ki-genyen-ant-ougan-manbo-ak-boko-2/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.