Tripotay
Gen moun ki fè tripotay nan entansyon pou blese lòt moun. Pa egzanp, yo ka bay yon manti pou sal repitasyon moun nan. Alòske, menm si tripotay la pa tèlman grav, li ka blese w, sitou lè se yon moun ou te panse ki pwòch avè w k ap gaye l. Moun fè tripotay pou plizyè rezon. Se kapab:
-Akoz yon enterè sensè.
-Paske yo santi yo annwiye
-Paske yo manke konfyans nan tèt yo
Osinon pou l parèt pou pi bon devan je moun lap bay tripotay la.
Li toujou bon pou w verifye pawòl k ap sot nan bouch ou, pa pale sa ou pa konnen e menm si yon zanmi ta fè w yon sekrè li pa bon pou w nan rele lòt moun pou w di l sa.