Enstiksyon sivik ak moral

Transpò piblik se yon itilite, li ede nan ale travay, lekòl, regle aktivite elatriye. Li tap toujou bon pou yon pasajè itilize sajès li anvè yon lòt nan machin piblik lan. Tankou lè yon moun di w fè yon ti avanse, avanse pou l chita. Konsa w ap ede l pou l pa tonbe si machin nan redemare. Lè yon pasajè pile w, ou dwe jere sa avèk anpil sajès ak tolerans, paske li pa fè eksprè pile w.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *