Kisa n ap fè ak lavi nou? Yon kesyon sou sans ak responsablite

Lavi se yon kado li ye. Nou pa ka viv li ak endiferans. Lavi pa yon jwèt : kò a mande swen, lespri a mande bon chwa, epi chak aksyon pote konsekans. Se poutèt sa nou dwe poze tèt nou kestyon ki pi enpòtan an : “Kisa m ap fè ak lavi mwen ?” Paske swa n ap bati, swa n ap detwi ; swa n ap chèche sans, swa n ap kouri dèyè vid.

Premye devwa moral ak espirityèl nou se rete fidèl ak Kreyatè a. Nou rekonèt li kòm sous lavi a. Nou fè lwanj li pa sèlman ak pawòl, men ak fason n ap viv chak jou. Nou obeyi l kòm gid ak jij lavi nou, epi nou mete lòd nan aksyon nou devan tout lòt bagay.

Lòm pa fèt pou l viv poukont li. Nou resevwa nan men lòt moun, epi nou viv ansanm ak lòt moun. Se poutèt sa nou dwe aprann viv youn pou lòt. Solidarite se youn nan bagay ki bay lavi sans. Lè nou renmen, kominote a vin pi solid ; lè nou respekte lòt moun, diyite rete vivan.

Nou dwe pran swen lavi nou tou. Lè lavi a vin lou, sa pa vle di ou poukont ou ; sa ka vle di ou bezwen èd. Ijyèn se premye fòm pwoteksyon : pran swen kò ou, rete lwen danje, pwoteje tèt ou. Si sante w febli, chèche swen medikal san wont. Yon moun ki pran swen kò li se yon moun ki chwazi viv.

Finalman, devlope tèt ou. Travay avèk onètete. Fè egzèsis. Bouje kò w. Pratike espò. Viv ak disiplin ak devouman. Chèche grandi chak jou.

Viv lavi w ak entansyon.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/kisa-n-ap-fe-ak-lavi-nou-yon-kesyon-sou-sans-ak-responsablite/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.